TPS LA TONBE WI - DEPIW TE ISI AVAN 3 JUIN 2024 OU KALIFYE POU TPS LA - RELE 239 895 2646

Welcome-Bienvenue-Bienvenido-M kontanw La

men kiyès ki ka yon sipòtè nan nouvo pwogram imigrasyon an

ouvo politik prezidan Joe Biden sou zafè imigrasyon an ap pèmèt jiska 30 mil moun antre Etazini chak mwa ak dokiman legal nan men yo. Nan kad program sa, yon moun ki vle aplike dwe genyen yon sipòtè nan peyi Etazini. Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS), dekouvri nan atik sa kiyès ki ka yon sipòtè.

USCIS fè konnen, sipòtè ki Ozetazini pral fè yon demand sou entènèt gratis nan non yon benefisyè pandan y ap soumèt yon fòmilè I-134A bay USCIS pou chak benefisyè. Esponsò sa yo ka moun ki ranpli pou kont yo, oubyen ki ranpli ak lòt moun, oswa ki depoze demand sou non òganizasyon ak lòt antite.

Li enpòtan pou w konnen, ni moun ki se benefisyè a, ni moun ki se esponnsò a p ap gen pou peye okenn lajan pandan y ap depoze fòmilè I-134A la.

Daprè otorite ameriken yo, pou aji kòm yon sipòtè, yon moun oswa yon moun ki reprezante yon antite ou dwe: swa yon sitwayen ameriken, swa yon nasyonal oswa yon rezidan pèmanan legal; oubyen ou dwe genyen estati legal Ozetazini tankou Estati Pwoteje Tanporè (TPS) oswa azil; oubyen tou ou kapab sou libète pwovizwa oswa sou aksyon difere oswa depa fòse difere. Apre sa ou dwe pase verifikasyon sekirite ak antesedan, ki gen ladan sekirite piblik, sekirite nasyonal, trafik moun ak eksplwatasyon pwoblèm; epi demontre ou gen ase resous finansye pou resevwa, kenbe ak sipòte moun yo dakò pou sipòte yo.

Kèk egzanp sou kalite sipò esponsò a ka bay moun k ap benefisye pwogram nan:

Daprè Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini an, sipòtè a dwe akeyi benefisyè a lè li rive nan peyi a epi mennen li nan yon kay ; veye pou benefisyè a genyen kote ki an sekirite epi apwopriye pou l rete pandan tan liberasyon kondisyonèl la ak ranpli bezwen de baz yo; si sa nesesè, ede benefisyè a ranpli dokiman nesesè tankou otorizasyon pou travay, kat sekirite sosyal ak sèvis li ka gen dwa; veye pou swen sante ak bezwen medikal benefisyè a satisfè; epi si sa nesesè, ede li jwenn edikasyon, aprann anglè, ede pitit li ale lekòl.

USCIS kontinye pou l di, sipòtè yo dwe mete non benefisyè a sou Fòm I-134A. Sipòtè yo pa kapab ranpli yon Fòm I-134A sou non yon benefisyè ki pa idantifye. Yon moun k ap bay swen ka dakò pou sipòte plis pase yon benefisyè, tankou pou diferan manm yon gwoup fanmi, men li dwe ranpli yon Fòm I-134A separe pou chak benefisyè.

Gilles Justin KI EKRIL POU HAITI LOOPNEWS

January 6, 2023 02:31 PM ET

Get in Touch